Mr. Ferdius Ferdinand

Ferdius Ferdinand, 51, of Bradenton, passed away on February 19, 2023. Visitation will be Friday, March 10, 2023, 6:00-8:00 PM, at Chandler’s Funeral Home.  Funeral Services will be held Saturday, March 11, 2023, 11:00 AM, at Happy Gospel Church, 1915 53rd Ave. E., Bradenton. The interment will follow in Oaklands-Woodlawn Cemetery in Sarasota. Chandler’s Funeral Home is in charge of the arrangements.

Ferdius Ferdinand Alias Tifedi mouri dimanche 19 fevrier 2023 a lage de 51 anne. Tifedi te fet 15 fevrier 1972 ST Marc nan yon komin ki rele Kay Jak. Papa li c Henry Ferdinand manman li c te Gracienne Julien. Manmanl ak papal te gen 10 pitit, Jean Claude, Ironce, Frederick, Alces, Lafortune, Audette, Manette, Rose Marie et Clotilde. Ti fedi c t avan denye.

Tifedi te fe klas Primel nan lecole Sanon Derac et li fe Klas secondaire li nan College Modene De St Marc.

Tifedi se te yon Kiltivate. Li te remnen al nan gagé. Li t on fanatik malad de Brezil.

Tifedi te gen 10 pitit: Djorkaëff, Florvens, Olsen, Mendoza, Yvena, Woodléne, Flordy, Fransenn, Ferlandine, Ricaëlla. Li te toujou la pou pitit li yo.

Tifedi te vinn kite Haiti nan anne 2013 pou rantre etazini pou vin chache on lavi pi miyó. Li te on konsey. Pa selman pou fanmil men pou tout moun ki te alontoul. Li te on nonm kouraje, li te kon patage avek tout moun pa selman fanmil. Li te represente yon paket bagay pou fanmi Ferdinand. Li se yon moun ki toujou apa, toujou pou kol, li pat renmen plezi. Tifedi te renmen lape menm sil pa la anko li te toujou di li ta renmen lape sa rete nan fanmi an. TiFedi nou pap janm bliye gwo souri ki t toujou nan vizaj ou sel lanmo ki t ka efasel.